YonTiKoze avèk Mamz'elle
YonTiKoze avèk Mamz'elle
Mamz'elle
YonTikoze se yon podcast Mamz'elle kreye pou pataje konvèsasyon, eksperyans ak enfòmasyon pou ede jèn yo reflechi e grandi sou tout nivo. Mamz'elle se yon platfòm ki fè pwomosyon devlòpman pèsonel lakay jèn fanm.
YTK.13: Antreprann nan moman kriz l Ekonomi
Moman aktyèl nap viv nan mond lan mande pou nou aprann kreye nouvo strateji pou kapab pote inovasyon nan aktivite ekonomik nou e kontinye grandi sou plan pwofesyonèl. Nan epizòd sa, Valery Fils-Aimé ak Fredcarme fè yon chita pale sou enpak sikonstans konfinman an nan domèn antreprenarya, kijan yon moun ki nan milye sa kapab pwofite pote nouvote epi kontinye fòme tèt li. 
Jun 18, 2020
1 hr 8 min
YTK.12: Enpòtans nitrisyon nan maladi Diabèt l Byennèt
Diabèt se yon gwo epidemi yo pa pale ase sou li e k ap fè anpil ravaj nan mond lan. Nan epizòd sa, Elizabeth e Fabienne pote plis detay sou maladi sa, ansanm ak kèk konsèy sou kijan yon moun ki soufri maladi a kapab kontrole li epi kèk metòd prevansyon. 
Jun 13, 2020
1 hr 22 min
YTK.11: Enpak sa nap mete nan kò nou ak lespri nou genyen sou byennèt nou
Nan respè, konpasyon, pasyans ak lanmou pou tèt nou, nou kapab dekouvri anpil bagay pou ede nou jwen yon ekilib e viv pi byen chak jou. Nan epizòd sa Pamela ak Fredcarme fè yon chita pale sou enpak fason nou nouri nou genyen sou byennèt nou;  relasyon ki genyen ant alimantasyon ak emosyon epi valè sa genyen pou idantifye sa ki bon pou nou epi aprann renmen yo. 
Jun 10, 2020
59 min
YTK.10: Chwa pwofesyonèl l Edikasyon
Fè chwa yon metye se yon bagay ki enpòtan nan lavi nou chak. Se yonn nan mwayen nou genyen pou eksprime moun nou ye a epi pote kontribisyon nou nan kominote kote nap viv.  Nan epizòd sa, Ara ak Fabienne pale sou kisa nou dwe pran an konsiderasyon avan nou chwazi metye nou vle aprann yo.   
Jun 6, 2020
1 hr 1 min
YTK.09: Kreyativite
Kreyativite se kapasite yon moun genyen pou li mete touch pèsonèl li nan nenpòt sa l ap fè. Samuel ak Fredcarme te fè yon chita pale sou sijè sa, kisa l ye e kijan nou ka antre li nan aktivite nou fè chak jou, kelkeswa sou plan pwofesyonèl oubyen pèsonèl.   
Jun 4, 2020
45 min
YTK.08: Relasyon koup l Relasyon
Ini lavi w ak lavi yon lòt moun se yon chwa ki mande anpil reskonabilite, pasyans, ak anpil lòt bagay. Nan epizòd sa Barbara ak Fabienne pale sou enpòtans kominikasyon ak lapriyè nan mitan yon relasyon koup. Barbara te pwofite pataje metòd li menm ak mari l itilize pou pèmèt yo dekouvri youn lòt pi plis e ranfòse relasyon yo.
May 31, 2020
59 min
YTK.07: Emosyon: Solitid l Depresyon
Pale de sa nou santi se youn nan fason ki ka ede nou devlope anpati e amelyore relasyon nou gen ak tèt nou e avèk pwòch nou . Nan epizòd sa, Mamz'elle te resevwa Elder Charlot pou fè yon ti pale sou emosyon, solitid ak depresyon. Yo pale tou sou rezon ki fè li enpòtan pou nou aprann idantifye sa nou santi e mande èd lè n ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil ke nou paka jere pou kont nou. 
May 27, 2020
1 hr 24 min
YTK.06: Nitrisyon l Byennèt
Nan epizòd sa Elisabeth ak Fabienne pale sou nitrisyon, kijan pou  nou kreye yon balans nan fason nou alimante nou ak aktivite fisik nou reyalize chak jou, pou nou ka pran swen tèt nou e rete an sante.  Elizabeth Calixte se yon nitisyonis, ki travay ak pasyan yo pou ede yo idantifye fason pou yo kenbe bon kondisyon lasante; kondisyon ki diferan lakay chak moun.
May 24, 2020
56 min
YTK.05: Fè lekòl lakay | Edikasyon
Nan epizòd sa Nastassia ak Fredcarme fè yon ti pale sou fè lekòl lakay nan moman konfinman an. Enpòtans sa genyen pou paran yo aprann kreye routin ak timoun yo e sitou aprann tande yo, fè konpromi ansanm avèk yo pou yo kapab kolabore nan aktivite yo gen pou fè.  Nastassia Colimon se yon sikològ ki espesyalize nan domèn ledikasyon .  Li mete sou pye, ansanm ak kèk lòt ekspè parèy li, "La Ressource" ki se yon sant ki akonpanye timoun ak granmoun ki gen difikilte pou aprann, problèm laperèz e ki pa kwè nan tèt yo . Nou ka akonpanye travay li sou: http://www.laressourceht.com/
May 21, 2020
1 hr 1 min
YTK.04 : Chanjman klimatik | Anviwònman
Nan epizòd sa, Patrice Cinéus ak Fabienne pale sou anviwònman, chanjman klimatik, enpak covid-19 la ak enpòtans sa genyen pou nou chak poze aksyon ki kapab pwoteje anviwònman an. 
May 18, 2020
1 hr 9 min
Load more