Koutpous
Koutpous
Jean Bernard J. Boursiquot
Koutpous se yon pòdkas ki gen pou objektif fòme responsab asosyasyon yo sou fason yo kapab kreye epi jere yon asosyasyon epi enfòme popilasyon ayisyèn nan sou aktyalite ak reyalizasyon asosyasyon yo nan peyi a.
EP02- Asosyasyon, yon branch ESS- Orijin, fonksyonman, opòtinite, pèspektiv...
Nan nimewo pòdkas sa a, yon emisyon ki te reyalize live, koutpous te resevwa Sedric SAINTUS. Tèm: Asosyasyon, yon branch ekonomi sosyal solidè: Fonksyonman, òpòtinite, pèspektiv... - Faktè favorab ak nesans aposyasyon - Lavi asosyativ an Ayiti - Kad legal asosyasyon an Ayiti - Tipoloji asosyasyon - Fonksyonman ak administrasyon asosyasyon - Pwoblèm jesyon - Asosyasyon yon zouti Leta - Enpòtans asosyasyon nan yon peyi tankou Ayiti. PRESANTASYON KONFERANSYE A Lisansye Travay sosyal nan Inivèsite Leta Ayiti ak yon Mastè 2 nan ekonomi sosyal solidè, inivèsite Lyon 2. Sedric Saintus genyen yon enterè patikilye Nan responsabilite sosyal antrepriz yo ak entegrasyon moun ak kominote vilnerab gras ak aktivite ekonomik. EKSPERYANS PWOFESYONÈL : - Travail sosyal nan espas ospitalye ak kominotèocial; - Pwoteksyon timoun; - Fòmatè elektoral Koutpous? Se yon inisyativ k ap limen pwojektè sou sektè Ekonomi sosyal solidè a. Se yon anyè ki referanse ansanm enstitisyon sosyal peyi a patikilyèman asosyasyon yo. Koutpous rete kwè otonomi se yon enperativ pou tout endividi, gwoup oubyen tout kominote bezwen pou yo grandi nan respè valè moun. Solidarite se pi gwo enstriman ki kapab mennen nou jwenn otonomi sa a.
Apr 9, 2021
2 hr
Koutpous (Trailer)
Apr 5, 2021
36 sec
EP01- Pou kisa ou dwe koute pòdkas koutpous?
Men rezon ou genyen pou w koute pòdkas Koutpous
Apr 5, 2021
6 min