Chita pale ak AyiboPost
Chita pale ak AyiboPost
AyiboPost
Diskisyon sou Ayiti ak Widlore Mérancourt, editè an chèf AyiboPost
Trump chanje politik imigrasyon Etazini, men ki kategori imigran ki an danje
Avèk nouvo administrasyon Trump lan, ki kategori moun Ozetazini ki vrèman afekte pa chanjman politik imigrasyon an? Mèt Eddy Laguerre pote limyè sou sijè a nan ChitaPale tou nèf sa a. Pa rate enfòmasyon esansyèl sa yo. Ann koute!
Apr 1, 2025
1 hr 37 min
Patrimwàn dokimantè Ayiti a menase | Achivis Patrick Tardieu
Nan mitan ensekirite ak katastwòf natirèl, li enpòtan pou n pale de patrimwàn dokimantè Ayiti a. Paske, jesyon dokiman sansib anpil pou memwa yon peyi ! Achivis Patrick Tardieu pote enfòmasyon nesesè nan emisyon #ChitaPale sa a, ann koute !
Feb 13, 2025
1 hr 16 min
Men kisa MSF swete Lapolis ak popilasyon an konprann
Medsen San Fwontyè bay esplikasyon sou rezon ki fè yo te deside kanpe tout aktivite yo. Alatèt misyon MSF la, Diana Arroyo ak Nathalie Bernard pataje detay enpòtan sou yon seri ensidan grav estaf MSF lan sibi dènye ane sa yo. Ann koute nan dènye emisyon #ChitaPale sa a.
Jan 20, 2025
51 min
Ayisyen ki vle rete legal Etazini, men kèk konsèy pratik
Ki Konsekans yon prezidans Trump ka genyen sou dyaspora Ayisyèn nan ? Mèt Eddy Laguerre, yon avoka k ap pratike nan Eta Florid ap bay plis detay nan emisyon espesyal ChitaPale sa a. L ap bay konsèy legal pratik pou Ayisyen k ap chèche konnen kisa pou yo fè si yo gen TPS, oubyen yo te pati nan pwogram Biden nan.
Nov 27, 2024
2 hr
Esplikasyon Michèle Oriol sou pwoblèm amenajman teritwa an Ayiti
« Petyonvil pa yon vil kolonyal, se nou ki fè l », se pawòl Michèle Oriol, ansyen sekretè egzekitif CIAT k ap analize sa ki lakòz vil Pòtoprens ak lòt vil nan peyi a nan eta yo ye jodi a. Ann koute sosyològ la nan emisyon Chita Pale espesyal sa a.
Oct 21, 2024
1 hr 25 min
Men kijan lopital LA PAIX rive fonksyone - Dr. Paul Junior Fontilus
Doktè Paul Junior Fontilus ap esplike kalite difikilte li menm ak tout ekip li rive rankontre nan lopital LA PAIX, men yo rive fonksyone kanmèm. Ann koute doktè Fontilus nan emisyon Chita Pale espesyal sa a.
Oct 20, 2024
53 min
Pozisyon Jerry Tardieu sou dènye desizyon politik yo an Ayiti
«Ayiti se yon peyi ki ajenou, sosyete nou an efondre», daprè Jerry Tardieu, ansyen Depite Petyonvil, k ap analize reyalite politik Ayiti nan moman an. Konsèy prezidansyèl, premye minis, ensekirite, eleksyon... se pami gran pwen k ap abòde nan emisyon Chita Pale sa.
Jun 17, 2024
1 hr 10 min
«Ayiti rann yon bagay ki te enposib posib» - Jean Waddimir Gustinvil
«Ayiti kreye yon mond san esklav, li rann yon bagay ki te enposib posib», daprè pwofesè Jean Waddimir Gustinvil. Nan emisyon Chita Pale sa a, Doktè nan Filozofi a ap analize kòman yon peyi ki fè 1804 rive nan kafou li ye jodi a.
Jun 17, 2024
1 hr 9 min
AYITI : «Nou nan prizon», daprè Monique Clesca
«Nou nan prizon» an Ayiti, daprè ekrivèn Monique Clesca. Antanke manb Biwo suivi Akò Montana, li Chita Pale ak AyiboPost sou reyalite sosyo-politik peyi a.
Apr 8, 2024
1 hr 17 min
Jacky Lumarque : tout detay sou enpak kriz peyi a sou Inivèsite Kiskeya
Jacky Lumarque, rektè Inivèsite Kiskeya, chita pale ak AyiboPost pou bay limyè sou enpak kriz peyi a gen sou inivèsite a, ki pran anpil frap dènye ane sa yo. Koz yo anpil. Li bay anpil detay. An n tande l nan emisyon chita pale espesyal sa a.
Feb 27, 2024
1 hr 4 min
Load more