Show notes
Poukisa anpil jèn ayisyen genyen santiman yo p ap regle anyen ak lavi yo? Ki avantaj ki genyen pou yon jèn k ap viv ann Ayiti jounen jodi ya? Poukisa jèn yo ap kouri kite peyi ya konsa? Nan nouvo epizòd sa, Pradley ap touche reyalite sosyopolitik epi ekonomik peyi a epi ap eseye konprann kijan yo enpakte lavi milyon jèn fanm ak jèn gason! Kite m swete w byenvini nan yon nouvo epizòd Divèjans Pòdkas!


